Nan yon nouvo rebonisman ki atire atansyon anpil moun, ansyen Premye Dam lan, Martine Moïse, ofisyalize kandidati li pou pòs prezidan anba banyè pati « Groupement d’Action pour la Démocratie » (GAD).
Avèk etap sa a, Martine Moïse vin twazyèm fanm ki antre nan batay la. Li vin jwenn de lòt pèsonalite ki te deja anonse koulè yo: Dominique Dupuy, ki ap pote drapo Pati Vizyon Dayiti (PVD)*, ak Marie-Anne Savannah Hadid Savary, ki kanpe anba banyè pati HAMAD.
Prezans twa fanm sa yo nan kous prezidansyèl la make yon moman remakab nan listwa elektoral peyi a. Pandan ke espas politik tradisyonèl la te toujou anba gwo dominasyon gason, ogmantasyon figi feminen sa yo nan lis kandida yo soulve anpil deba ak espwa nan mitan sitwayen ki ap chèche nouvo altènativ yo.
Echojounal echojounal.net