Apre otorite yo fin pran desizyon pou anile kanaval nasyonal la ki te dwe fèt nan dat 3,4,5 mars 2019 la, FONDATION MATANA GIFT OF GOD pwofite espas vid sila pou envite tout popilasyon an nan twa (3) jou priyè sou chanm mas. Twa (3) jou priyè sila ki batize …
Li Plis »AYITI ENSEKIRITE: ECHOJOUNAL VIKTIM DE ZAK ENSEKIRITE K’AP RAVAJE PEYI A.
Byen bonè maten samdi 2 mas 2019 la, bandi a zam atake twa (3) jounalis Echojounal ki te nan yon machin prive tou pre baz CIMO a zòn pis. Bandi yo pote ale telefòn ak tout sa ki te gen nan machin nan, jounalis ki viktim de atak sa se …
Li Plis »ESPÒ KOUP DESPAY: FC.BARCELONE KRAZE REAL EPI KALIFYE POU FINAL.
Barça kalifye pou final koup Despay, aprè viktwa yo (3-0), nan bènabewou a sou Real, jounen mèkredi 27 fevriye 2019 lan, nan kad match retou demi final ale (1-1), gras avèk Suarez ki fè de gòl epi yon otogòl varane fè. Blawougrana yo ap rankontre nan final valence ou byen …
Li Plis »EJIP/DIFE: POU PI PITI VEN (20) MOUN MOURI NAN YON DIFE KI EKLATE NAN KAPITAL PEYI EJIP.
Ven (20) moun mouri e (40) lot blese, jounen mèkredi 27 fevriye 2019 la nan yon gwo dife ki eklate nan yon ga nan vil kè. Ensidan sa a pwodwi aprè yon Lokomotiv deraye epi pran dife. Se nan anviwon (10) zè ke yon Lokomotiv san wagon te deraye anvan …
Li Plis »AYITI/TOURIS:MINIS TOURIS LA JIJE MAL DEZISYON KI PRAN POU RETIRE AYITI SOU KAT TOURISTIK MOND LAN
Desizyon depatman deta ameriken ak kanada pran pou retire ayiti sou kat touristik mondyal la twò sevè « , sa se pawòl minis touris la madam Marie- Christine Stephenson. Titilè ministè touris peyi dayiti a ki te envite nan emisyon TIBAT BOUCH sou radyo san fin (RSF) pou vin bay detay …
Li Plis »AYITI LEH: DIREKTRIS LOTRI LETA PEYI DAYITI A BAY DETAY SOU ATAK KI TE FÈT SOU YO A.
Nan yon konferans pou la près ayè madi 26 fevriye 2019 la direktris lotri leta peyi Dayiti Margareth Fortuné reyaji sou zak briganday ki te fèt sou lokal lotri a nan pako jou ki te lendi 25 fevriye 2019 la kote yon ekip nèg te debake bay presyon kraze sistèm …
Li Plis »AYITI/JISTIS: ANSYEN DG POLIS NASYONAL DAYITI, GODSON ORELUS JWENN LIBERASYON’L.
Jodi Madi 26 fevriye a Lakou dapèl Gonayiv akòde yon men leve ak ansyen Direktè Jeneral Polis Dayiti a ki te twouve’l dèyè kat (4) miray depi kèk mwa Pou dosye kagezon zam sou waf Senmak nan lane 2016. Malgre Ansyen Direktè a benefisye men leve sa Anseyen Dg a …
Li Plis »Nouvèl lot bò dlo / IRAN : premye vizit prezidan siryen an, Bachar el Assad nan Téhéran.
Prezidan siryen an, Bachar El Assad fè yon vizit sipriz nan Téhéran jounen lendi 25 fevriye 2019 la. Li te rankontre gid siprèm nan Ali Khamenei epi prezidan Iranyen an Hassan Rohani. Vizit prezidan siryen an nan Téhéran te nan fèt an sekrè. Medya ofisyèl yo bay enfòmasyon an byen …
Li Plis »AYITI-DYALÒG :ANPLWAYE KI FÈ PATI ETA JENERO SEKTORYÈL NASYON AN REKLAME 5 MWA LAJAN LETA DWE YO
Aprè kominike prezidansyèl ki soti jedi 21 fevriye pou fòme yon nouvo komite fasilite dyalòg nan mitan ayisyen yo, kèlke jou aprè kominike sa desizyon prezidansyèl la chavire bonèt ansyen komite eta Jenero sektoryèl Nasyon an . Anplwaye sila yo ki te resevwa fomasyon pou sèvi nasyon an ap plenyen …
Li Plis »AYITI JISTIS: JIJ PETIT-PAPA LIBERE AYISYEN KITE CHOFÈ SÈT (7) ETRANJE YO.
Apre anpil kesyon kit’ap poze sou kisa lajistis pral di ak Michaël ESTERA chofè sèt (7) etranje lapolis nasyonal peyi Dayiti te arete ak gwo zam sou tèritwa nasyonal la pandan kriz politik la. Mèt Newton St-Juste di jij Osner PETOT-PAPA kise jij enstriksyon tribinal premye enstans pòtoprens lan di …
Li Plis »