Mondyal 2026: Espay ak Bèljik pral goumen pou yon plas nan demi-Final.

Mondyal 2026 la rive nan yon faz kote okenn erè pa pèmèt. Jodi vandredi 10 jiyè 2026 la, de gwo tonton ekip nan foutbòl ewopeyen an, Espay ak Bèljik, pral kwaze nan dezyèm match quart de final la nan SoFi Stadium ki nan vil Inglewood. Se yon afich kote nou ap jwenn pi bon defans nan tounwa a, « La Roja », ki ap parèt devan yon fòs ofansif difisil pou rete ki se « Diables Rouges » yo. Gayan nan gwo chòk sa a pral jwenn tikè li pou l al afwonte Lafrans nan demi-final.

Pakou de ekip yo nan edisyon nò-ameriken sa a montre de dinamik ki diferan nèt:

Espay (La Roja): Ekip Luis de la Fuente a baze fòs li sou yon solidite defansiv istorik. Yo poko janm pran yon grenn gòl depi tounwa a kòmanse. Yo te kòmanse ak yon match nul (0-0) devan Kap Vè, anvan yo te kraze Arabi Saoudit (4-0) epi bat Irigwe (1-0) pou yo fini premye nan gwoup yo. Nan faz eliminatwa a, yo jere Otrich (3-0) san pwoblèm nan 16èm de final, epi yo soti Pòtigal (1-0) gras ak yon bi Mikel Merino nan bout match la nan 8èm de final.

Bèljik (Diables Rouges): Pou ekip Rudi Garcia a, chemen an te pi boulvèse men yo vin pi fò nan chimen an. Yo te fè de match nil nan kòmansman an kont Iran (0-0) ak Ejip (1-1), anvan yo te kore Nouvèl Zelann (5-1) pou pran tèt gwoup la. Nan 16èm de final, yo te fè yon « remontada » ekstrok kont Senegal (3-2) nan pwolonjasyon, epi yo te montre tout fòs yo lè yo te elimine Etazini (4-1) nan 8èm de final la. Bèljik make 13 bi deja nan tounwa a.

Dapre estatistik ofisyèl yo, Espay ak Bèljik gen yon gwo istwa dèyè yo nan foutbòl entènasyonal la:
Nan konfwontasyon: De nasyon sa yo rankontre deja 22 fwa nan tout konpetisyon nèt. Nan jwèt sa yo, Espay gen avantaj avèk 12 viktwa, Bèljik genyen 5 viktwa, epi yo fè 5 match nil.

Nan istwa koup dimond: Se pral sèlman twazyèm fwa yo pral jwe youn kont lòt nan yon faza final Mondyal. Balans lan pafè nèt la a: chak ekip gen yon viktwa. An 1986, nan Meksik, Bèljik te elimine Espay nan menm faz ka de final sa a nan ti o bi (1-1 apre pwolonjasyon, 5-4 nan penalite). Kat lane pita, nan Mondyal Itali 1990 la, Espay te pran revanj li lè l te bat Bèljik (2-1) nan faz de gwoup la.

Estatistik Patisipasyon nan Mondyal
Lè nou ap gade eksperyans de ekip sa yo nan nivo sa a, nou jwenn de nasyon ki gen gwo pwa nan istwa konpetisyon an:
Espay: 17 patisipasyon chanpyon an 2010 (Afrik di Sid)
Bèljik : 15 patisipasyon twazyèm plas an 2018 (Larisi)

About Emmanuel Hubert

Check Also

Coupe du monde 2026 : Roberto Martínez quitte le banc du Portugal après l’élimination

L’aventure de Roberto Martínez à la tête de la Seleção a pris fin de manière …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager