Gwo tonton match premye ka de final Koup Dimond 2026 la fini ak yon gwo viktwa pou ekip Lafrans lan, ki bat seleksyon Mawòk la 2 gòl a 0. Avèk siksè sa a, franse yo jwenn tikè yo dirèkteman pou demi-final la, pandan yo mete fen nan bèl pakou « Lyon Atlas yo » te ap fè nan konpetisyon an.
Depi nan premye siflèt la, tansyon an te nan pik li sou teren an. Sipòtè mawoken yo, ki te vini an mas, te fè anpil bri pou pouse ekip yo a. Men, eksperyans ak frèt franse yo te pale byen vit. Se nan dezyèm mi-tan an, Lafrans te rive louvri nòt la gras ak yon gwo aksyon kolektif ki te fini nan fon filè. Gòl sa a te koupe souf mawoken yo, men li pa te dekouraje yo nèt.
Mawòk te bay tout sa l genyen. Yo miltipliye atak yo, yo kreye plizyè okazyon cho devan gòl Lafrans lan, men defans franse a te rete solid tankou yon ròk. Pandan Mawòk te ap pouse pou l jwenn egalizasyon an, Lafrans pwofite yon kont-atak rapid pou l make dezyèm gòl la, ki te tou touye match la nèt. 2-0, eskò a pa te chanje jiskaske match la fini.
Malgre eliminasyon sa a, ekip Mawòk la soti ak tèt li byen wo apre li te fin bay yon bèl batay nan tounwa sa a. Pou Lafrans menm, wout la ap kontinye. Yo deja gen je yo fikse sou demi-final la, kote yo ap tann pou yo wè kilès nan lòt gwo fò nasyonal yo y ap gen pou yo dechire pou yo ka rive nan gran final la.
Echojounal echojounal.net