Avanti seleksyon Kòt divwa a fini ofisyèlman nan Koup dimond sa a. Kòbòy afriken yo kite konpetisyon an nan etap sezyèm de final la, apre yo fin tonbe (2-1) devan ekip Nòvèj la, nan yon match ki te gen anpil tansyon jodi madi 30 jen 2026 la.
Elefan yo te montre anpil karaktè nan dezyèm mi-tan an. Malgre Nòvèj te ap mennen, Amad Diallo te rive jwenn egalizasyon an pou Kòt divwa nan 74yèm minit, yon gol ki te rebay tout yon pèp espwa. Men, kè kontan an pa tr ap dire nèt.
Pandan tout moun te ap panse ak pwolongasyon, gwo bèt nwa atak nòvejyen an, Erling Haaland, parèt nan 86yèm minit pou li make gòl viktwa a (2-1). Gol sa a kraze brize tout espwa ekip afrikèn nan te genyen pou l te kontinye wout li nan konpetisyon an.
Apre viktwa sa a, tablo pou pwochen etap la deja klè: Nòvèj sètifye biyè li pou 8yèm de final kote li pral gen yon gwo tonton rankont fas ak Brezil, lendi ki ap vini an, 5 jiyè 2026. Yon chòk ki pwomèt anpil espektak pou fanatik foutbòl toupatou sou planèt la.
Echojounal echojounal.net