Mondyal 2026: Tout ti detay sou gwo chòk Brezil Nòvèj apre midi 5 jiyè 2026 la.

Apremidi a, je tout amatè foutbòl toupatou sou planèt la ap vire vè estad New York New Jersey Stadium, kote seleksyon Brezil la ap kwaze ak ekip Nòvèj la nan kad uityèm de final Mondyal 2026 la. Yon match ki pwomèt anpil tansyon ak gwo espektak ant de nasyon ki gen istwa trè patikilye nan konpetisyon sa a.

Pakou de ekip yo nan Mondyal 2026 la.
Pou rive nan faz eliminatwa dirèk sa a, de ekip yo te konnen yon chemen ki pa te manke piman:
Brezil (Seleção): Senk fwa chanpyon mondyal la te kòmanse konpetisyon an nan gwoup pa l la kote yo te afwonte Mawòk (1-1), Ayiti (3-0), Ekòs (3-0) ak Japon (2-1). Yo valide tikè yo pou faz final la gras ak bon pèfòmans kolektif yo te montre, malgre kèk defi nan nivo taktik.

Norvèj (Løvene): Ekip skandinav la, ki gen nan tèt li de gwo vedèt tankou Erling Haaland ak Martin Ødegaard, fè yon bèl enpresyon depi kòmansman tounwa a. Nan faz gwoup la, yo te bat Irak (4-1) ak Senegal (3-2), anvan yo te tonbe devan Lafrans (1-4). Nan sèzyèm de final, yo te elimine Kòt Divwa ak yon vikwa (2-1) pou yo jwenn randevou jodi a.

Istwa Konfwontasyon: Yon Bèt Nwa pou Brezil?
Malgre istwa rich Brezil genyen nan foutbòl, Norvèj gen yon rekonpans trè ra: yo pa janm pèdi yon match fas ak Seleção.
Nan tout istwa foutbòl la, de ekip sa yo afwonte 4 fwa sèlman (match amikal ak konpetisyon ofisyèl). Norvèj genyen 2 fwa epi yo fè 2 match nil. Pi gwo konfwontasyon yo nan yon Koup Dimond te fèt an 1998 an Frans, kote Norvèj te kreye yon gwo sipriz lè li te bat Brezil 2-1 nan faz gwoup la. Match apremidi a se pral 5èm fwa yo pral kwaze.

Estatistik Patisipasyon nan Koup Dimond
Diferans lan gwo anpil ant de peyi sa yo lè nou ap pale de eksperyans nan pi gwo randevou foutbòl la:
Brezil patisipe 23 fwa li chanpyon 5 fwa (1958, 1962, 1970, 1994, 2002).

Norvèj: 4 fwa li rive nan uityèm de final 3 fwa (1938, 1998, 2026).

Brezil rete sèl grenn ekip sou tè a ki patisipe nan tout 23 edisyon Koup Dimond ki te fèt depi 1930 pou rive 2026.
Pou Norvèj, edisyon 2026 sa a make 4èm patisipasyon yo nan yon faz final, apre yo te fin pase 28 ane san yo pa jwe yon Mondyal (dènye fwa a se te an 1998).

Tout je fikse sou estad la pou nou wè si jenerasyon Haaland la ap kontinye kenbe repitasyon « bèt nwa » Brezil la, oubyen si Seleção ap pran revanj li pou l kontinye wout vè yon 6èm etwal.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondial 2026/Retour triomphal des Grenadiers : Haïti s’apprête à célébrer ses héros du Mondial 2026

Cinquante-deux ans après l’épopée historique de 1974, le football haïtien écrit une nouvelle page glorieuse …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager