Dosye ki gen pou wè ak asasina ansyen prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, kontinye ap fè gwo bri nan tribinal ameriken yo. Selon enfòmasyon jounal Miami Herald rapòte, avoka Samir Handal, mèt Paul Petruzzi, te fe yon demann pou libere kliyan l lan sou kòsyon pou yon montan 1 milyon dola ameriken.
Pou yo te ka konvenk jij la, defans lan te pwopoze pou Handal te renmèt tout dokiman vwayaj li yo, tankou paspò ameriken, ayisyen ak palestinyen l yo, kòm garanti li pap chape pou l kouri kite peyi a.
Men, prokirè federal yo te di yo « NON » ak demann sa a.
Daprè depatman lajistis la, Samir Handal reprezante yon gwo risk pou l ta pran lafuit si yo ta kite l soti nan prizon. Akizatè yo mete aksan sou gwo kapasite finansyè li, gwo rezo kontak entènasyonal li genyen, ansanm ak plizyè dokiman vwayaj li posede ki ka fasilite yon evazyon.
Avèk desizyon sa a, pèsonaj kle sa a nan anket sou asasina prezidan an ap kontinye rete dèyè bawo Etazini pandan pwosesis jidisyal la ap swiv kous li.
Echojounal echojounal.net