Gouvènman defakto a voye yon siy klè bay popilasyon an pou di yo si yo vle rete rete yo menm, yo lage pye yo.

Gouvènman defakto a nan tèt kole ak manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo voye yon mesaj klè bay pèp ayisyen pou di yo si yo vle rete rete yo menm yo lage pye yo apre desizyon yo pran pou deplase lopital leta inivèsite leta a (Lopital jeneral) nan ri Mgr Guilloux pou voye li nan yon lòt espas.

Sa pwouve a klè mesye dàm defakto yo ki nan tèt peyi a yo pa gen okenn plan pou rezoud kriz ensekirite a nan peyi Dayiti men pito fè lajan ak fè plis tan sou pouvwa a sou do popilasyon an ki lage de bwa pandye, san rele, san reponn.

Otorite yo ki ta dwe la pou ap bay popilasyon an sekirite se yo jodi a ki ap kouri pou bandi yo, se yo ki ap abandone biwo piblik yo, yo abandone pakè Pòtoprens, yo abandone abandone palè nasyonal, yo abandone primati, yo abandone komisarya pou site sa yo, poutan, yo ap touche gwo lajan nan leta, yo gen frè, yo gen pil sekirite san konte plizyè kay leta ap peye pou yo.

San wont, san jèn otorite defakto yo anonse genyon antant ki jwenn ant ministè finans ak ministè sante piblik pou deplase lopital la pou ale ak li nan yon lòt espas pou yon ti bout tan pou plizyè milyon dola vèt. Yon lajan, selon anpil moun ki tap ka kreye plizyè lòt lopital e menm voye plizye milye timoun lekòl pandan, ouvèti lekòl la pou se 1e oktòb 2025 ki ap vini la, gen elèv ki poko menm pran kanè alevwa pou ta pare pou antre nouvo ane eskolè a pou sezon 2025/2026 la.

Donk, se popilasyon an ki pou pran desten yo an men pou rezoud kriz la e soti tèt yo nan sa yo ye la

About Echojounal

Check Also

Ayiti/Edikasyon: Yon rezilta tristès met souri sou bouch paran ak elèv nevyèm yo.

Otorite defakto yo ki nan tèt ministè edikasyon nasyonal peyi Dayiti yo pibliye rezilta egzamen …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager