Seleksyonè nasyonal la, Sébastien Migné, rann piblik ofisyèlman lis 26 jwè foutbòl ki pral reprezante peyi Dayiti nan pwochen « Koup dimond ki ap fèt Ozetazini, Kanada ak Meksik nan mwa jen ki ap vini la a. Ekip ayisyen an pral nan yon gwoup ki cho anpil kote yo gen pou yo mezire yo ak gwo bout tonton ekip tankou Lekòs, Brezil ak Mawòk.
Gwo sipriz ki gen nan lis sa a, se de jwè gwo nivo ki pral pote mayo seleksyon an pou premye fwa nan karyè yo. Se avan-Sant Lenny Joseph ak milye teren Dominique Simon. Staff teknik la chwazi fè yo konfyans pou yo al ranfòse rès gwoup la ki deja gen anpil eksperyans.
Dapre kalandriye Federasyon an, rasanbleman Grenadye yo ap konmanse depi 24 me 2026 ki ap vini la a nan vil « Port Sainte-Lucie », nan leta Florid (USA). Se la ekip la pral poze baz li pou li ka prepare gwo randevou sa a.
Anvan yo antre nan konpetisyon ofisyèl la, ekip nasyonal la gen de (2) gwo match amikal pou yo jwe pou yo ka wè nan ki nivo yo ye:
2 jen 2026: Ayiti vs Nouvèl Zelann
5 jen 2026 : Ayiti vs Pewou
Kalandriye match ofisyèl Ayiti yo nan premye tou a
13 jen 2026 : Ayiti vs Lékòs
19 jen 2026 : Ayiti vs Brezil
24 jen 2026 : Ayiti vs Mawòk
Lis 26 jwè ki konvoke yo ak pòs yo
Gadyen: Johny Placide, Alexandre Pierre, Josué Duverger.
Defansè: Carlens Arcus, Wilguens Paugain, Ricardo Adé, Jean Kévin Duverne, Hannes Delcroix, Keeto Thermoncy, Martin Expérience, Duke Lacroix.
Milye Teren: Dominique Simon, Leverton Pierre, Woodensky Pierre, Carl Fred Sainté, Danley Jean-Jacques, Josué Casimir, Jean Ricner Bellegarde.
Atakan: Duckens Nazon, Frantzdy Pierrot, Deedson Louicius, Ruben Providence, Yassin Fortuné, Wilson Isidor, Lenny Joseph, Derrick Étienne Jr.
Echojounal echojounal.net