Sa se yon gwo siyal ekip Lafrans lan voye bay tout lòt nasyon yo nan Koup Dimond sa a. Aprè midi a, seleksyon franse a bay yon leson foutbòl devan ekip Laswèd la, ak yon viktwa klè e pwòp (3-0). Gras a gwo siksè sa a, franse yo jwenn biyè yo pou 8yèm de final kote yo pral kwaze ak ekip Paragwe a.
Depi nan kòmansman match la, franse yo te montre yo grangou. Men, se te sitou kapitèn yo a, Kylian Mbappé, ki te limen limyè a. Atakan vedèt la te nan yon fòm estrawòdinè aprè midi a. Li make de (2) bèl gòl (yon doublé) ki koupe souf defans swedwaz la ki pa te ka jwenn fòmil pou bloke vitès ak teknik jwè a.
Twazyèm gòl la vin finalize yon bèl demonstrasyon kolektif ki montre Lafrans pare nèt pou rès konpetisyon an. Laswèd te eseye reyaji, men defans franse a te rete solid tankou yon miray.
Kounye a, premye pati misyon an fin akonpli pou « Les Bleus ». Direksyon 8yèm de final! Match ki ap vini an pap fasil ditou, paske yo pral afwonte seleksyon Paragwe a. Ekip sid-ameriken sa a konnen pou grinta li (gwo ranyak) ak defans solid li.
Èske Mbappé ak ekip li a ap ka kenbe menm ritm sa a pou yo kontinye wout la vè sakre a? Tout sipòtè foutbòl yo deja ap tann gwo chòk sa a ak anpil enpasyans!
Echojounal echojounal.net