Peyi Meksik, ki se youn nan peyi ki ap òganize Koup Dimond 2026 la, fè yon gwo kout ekla nan konpetisyon an lè li bat seleksyon Ekwatè a de (2) gòl a zewo (2-0). Viktwa sa a plonje tout peyi a nan yon gwo fèt ak anbyans total.
Depi nan kòmansman match la, jwè meksiken yo te montre yo vle fè piblik yo a plezi. Yo te mèt teren an epi yo pa te pran tan pou yo te jwenn chimen gòl.
Se jèn atakan Julian Quiñones ki te louvri eskò a nan 22yèm minit (22′). Aprè yon bèl aksyon kolektif, Quiñones pa te ezite pou li te voye boul la nan fon souch la, yon gòl ki te fè tout estad la leve kanpe tankou yon sèl moun.
Ekwatè te eseye reyaji, men defans Meksik la te rete djanm. Nèf minit sèlman aprè premye gòl la, nan 31yèm minit (31′), gwo fòwòd eksperimante a, Raúl Jiménez, te double mise a pou Meksik. Avèk anpil kalm ak eksplwatasyon, Jiménez te netwaye filè a, sa ki te bay Meksiken yo yon avantaj solid anvan poz la.
Nan dezyèm pati match la, ekip Ekwatè a te moute nivo jwèt li pou l te wè si l te ka redui nòt la, men ekip lokal la te jere match la tankou chèf. Avèk yon mitan teren byen an plas ak yon gadyen ki te veye zo l, Meksik kenbe nòt 2-0 a jouk nan bout 90 minit yo.
Avèk bèl viktwa sa a, Meksik voye yon mesaj klè bay tout lòt ekip yo: yo pa sèlman la pou yo òganize, yo la pou yo rive lwen tou nan Mondyal sa a. Piblik Meksiken an mèt kontinye reve!
Echojounal echojounal.net