Vyolans lapolis sou etidyan: ORDEDH mande jistis ak sanksyon san pèdi tan

Òganizasyon Rezo pou Defans Dwa Moun (ORDEDH) leve vwa l byen fò pou li kondane avèk dènye rigè gwo kout roroli ak britalite fòs lòd yo fè sibi etidyan an medsin yo, pandan yon manifestasyon pasifik ki te ap fèt mèkredi sa a nan kapital la.

Etidyan sa yo te desann nan lari pou yon kòz nòb: mande otorite yo relouvri vit-e-vit Lopital Inivèsite Leta Ayisyen (HUEH), moun konnen plis sou non « Lopital Jeneral ». Yon sant lasante ki vital pou popilasyon an ki ap soufri, epi ki sèvi tou kòm espas fòmasyon pou pwochen jenerasyon doktè nan peyi a.

Dapre sa òganizasyon an rapòte, rasanbleman pasifik sa a tounen yon sèn laperèz ak vyolans anba men lapolis. Yon etidyan resevwa bal reyèl epi moun te oblije kouri pote yo lopital an ijans. Pi lwen toujou, ORDEDH denonse aksyon yon ajan fòs lòd ki te chwazi fonse ak tout vitès sou foul la ak machin li. Pou l pa te mouri kraze anba wou machin nan, yon etidyan te blije sote pandye nan kapo motè a.

Fas ak sa yo rele « zak kriminèl » sa yo, ORDEDH pa kache kòlè l. Yo voye yon demand fòmèl bay Enspèksyon Jeneral Lapolis Nasyonal d Ayiti (IGPNH) pou yo louvri yon ankèt entèn touswit sou do polisye ki koupab yo pou yo ka pini yo. Anmenmtan, estrikti a mande lajistis pou l pran responsablite l pou pouswiv tout moun ki dèyè zak vyolans sa yo.

Pou fini, òganizasyon an voye yon mesaj klè bay leta: reklame dwa lasante ak relouvri HUEH pa yon krim. Yo deklare vyolans Leta ap fè sou jèn yo nan peyi a dwe sispann jodi a menm.
Dosye sa a ap kontinye fè anpil pale nan mitan popilasyon an, alòske sistèm lasante piblik la nan yon sitiyasyon ki grav anpil anba je otorite yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

FAd’H : Plus de 17 000 candidats postulent, l’armée annonce un recrutement de professionnels

Les Forces Armées d’Haïti (FAd’H) franchissent une étape décisive dans leur processus de modernisation et …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager