Pandan gouvènman defakto a te ap bat lestomak li, pretann li deplwaye gwo lajan ak « delegasyon » pou al sipòte seleksyon nasyonal la nan gwo randevou Mondyal 2026 la, reyalite a sou teren an montre yon lòt figi ki tris anpil. Yon veritab kout pye nan diyite espò nasyonal la bay tèt li.
Dènye tonton eskandal la pete mèkredi sa a, lè de nan jwè vedèt seleksyon an Woodensky Pierre ak Danley Jean Jacques, grenadye ki sot batay pou pote drapo peyi a byen lwen, te ateri nan Ayewopò Okap la. Olye pou yo ta jwenn yon akèy ofisyèl ki diy pou ran yo, jwè sa yo antre nan peyi a tankou nenpòt sitwayen sivil, san okenn manm nan Ministè Jenès ak Espò (MJSAC) ni nan Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) pa te prezan pou di yo menm yon « byenvini ».
Dapre plizyè sous enfòme, leta te debouse gwo sòm lajan vèt ki soti nan kès piblik la anba pretèks pou sipòte ekip la. Nou wè gwo chèf, konseye, ak fanmi yo ki te deplase ak gwo delegasyon vwayaj pou al parèt vizaj yo nan tribin VIP nan match Mondyal yo.
Poutan, lè moman an rive pou montre vrè sipò ak respè pou jwè yo ki se motè seleksyon an, gouvènman an montre yon endiferans total. Kesyon anpil moun ap poze jodi a senp: Kote kòb sa yo pase si jwè ki ap defann koulè peyi a pa ka menm jwenn yon pwotokòl akèy minimòm lè yo retounen lakay yo?
Sitiyasyon sa a pa sèlman montre yon mank respè, li mete deyò tou yon verite ki pi grav: Pa gen okenn kominikasyon serye ant Federasyon an, Ministè a, ak jwè yo.
Kouman fè de jwè nan nivo sa a ap antre nan peyi a epi gwo enstitisyon ki responsab espò yo pa menm o kouran? Èske FHF la pou gade enterè jwè yo oubyen pou jere vwayaj chèf sèlman? Eksplikasyon amatè sa yo pa ka pase ankò. Si otorite yo pa konnen ki lè jwè yo ap antre nan peyi a, sa vle di yo pa swiv yo, yo pa gen okenn kontak avèk yo depi match yo fini.
Eskandal sa a vini nan yon moman kote popilasyon an deja fache kont fason lajan Leta ap gaspiye nan aktivite san fondman pandan peyi a ap travèse yon kriz imanitè ak sekirite grav. Transfòme siksè oubyen efò Grenadiers yo an yon biznis pou fè « touris politik » pandan yo ap meprize jwè yo se yon zak ki pa dwe rete san pinisyon.
Espò, patikilyèman foutbòl, se sèl grenn bagay ki rete ki bay pèp ayisyen an kè kontan. Lè gouvènman defakto a ak lidè espòtif yo chwazi sal bèl enèji sa a ak mank respè ak move jesyon, se tout peyi a yo imilye. Pèp la ap gade, jounalis ap make pwen, epi lè a rive pou kont rann sou chak santim ki te depanse nan non « Grenadye » yo.
Echojounal echojounal.net