Pandan otorite polis yo te ap prezante bilan operasyon yo, yo admèt ke rezo kriminèl yo entansifye aktivite kidnapin yo nan plizyè zòn nan peyi a, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
Enstitisyon an fè konnen gang ame yo ap miltipliye estrateji pou pran sitwayen yo an otaj, sa ki vin kreye yon pi gwo tèt chaje pou popilasyon an ki deja anba gwo presyon.
Devan sitiyasyon sa a, lidè PNH yo pwomèt yo ap deplwaye fòs yo sou teren an epi ranfòse kolaborasyon ak popilasyon an pou yo kapab frennen vag kriminèl sa a.
Pandan laperèz ap gaye pi plis nan mitan sitwayen yo, anpil vwa nan sosyete sivil la ap mande otorite yo pou yo soti nan diskou pou yo poze aksyon konkrè, yon fason pou garanti sekirite lavi ak byen moun nan peyi a.
Echojounal echojounal.net