Mondyal 2026/Cap-Vert ap enpresyone mond lan: Rezime match mondyal la pou 21 Jen 2026 la.

Jounen dimanch 21 jen 2026 la te pote gwo sipriz ak emosyon nan mondyal la. Pi gwo sansasyon an soti nan ekip Cap-Vert la ki ap kontinye ekri yon bèl istwa nan gwoup H la. Apre yo te fin fè yon match nil (0-0) ki te sezi tout moun kont gwo ekip Lespay la nan premye jounen an, seleksyon Cap-Vert la rache yon lòt gwo pwen nan men Irigwe dimanch sa a.

Detay konplè sou match ki te jwe yo, bitè yo, sanksyon yo ak klasman gwoup yo.
Detay sou Match yo.

1. Irigwe fè nil (2–2) ak ekip Cap-Vert nan Gwoup H la nan estad Miami Stadium (Florida). Se yon on match ki te chaje ak entansite kote Cap-Vert te montre li pa pè pyès gwo tonton ekip nan foutbòl la. Apre pwen istorik kont Lespay la, yo gade Irigwe nan je pou yo fini (2-2). Kevin Pina 21′, Helio Varela 61′ te make pou Cap-Vert_
Maxi Araujo 44′ ak Agustin Canobbio 45+6′ pou Irigwe.
Sanksyon (Kat jòn):
Irigwe: 2 kat jòn (nan 20′ ak 58′ minit).
Cap-Vert: 2 kat jòn (nan 5′ ak nan tan adisyonèl 90+3′).

2. Espay bat ekip Arabi Sawoudit la (4–0) nan Gwoup H la nan estad Atlanta Stadium (Georgia)
Apre desepsyon yo te genyen kont Cap-Vert nan premye match la, Lespay rebondi yon fason espektakilè. Yo domine Arabi Saoudit nèt ale ak yon viktwa klè 4-0.
Sanksyon (Kat jòn):
Arabi Sawoudit: 2 kat jòn (nan 30′ ak 60′ minit).
Espay: Pa te gen sanksyon ki anrejistre pou yo nan match sa a.

3. Nouvèl Zeland tonbe devan Ejip (1–3) nan Gwoup G a nan estad BC Place Vancouver (Canada)
Nouvèl Zeland te louvri eskò a an premye nan premye mi-tan an, men Ejip te pran kontwòl jwèt la nan dezyèm mi-tan an kote yo make 3 gòl pou yo genyen match la. Moun ki make pou
Nouvèl zeland: Finn Surman (15′).
Ejip: Mostafa Ziko (58′), Mohamed Salah (67′), Trézéguet (82′).
Sanksyon (Kat jòn):
Nouvèl Zeland: Sarpreet Singh (20′) ak Callum McCowatt (34′).
Ejip: Mohanad Lasheen (17′).

4. Bèljik fè match nil ak Iran (0-0) nan Gwoup G a nan estad Los Angeles Stadium (California)
Bèljik kontinye ap jwenn difikilte nan kòmansman konpetisyon sa a. Yo pa te kapab jwenn chimen gòl la kont yon ekip Iran ki te byen òganize.
Sanksyon:
Beljik: 1 kat jòn (3′) ak 1 kat wouj dirèk nan 67′ minit.
Iran: 1 kat jòn (33′).

5. Tinizi tonbe fò devan Japon (0–4) nan Gwoup F la nan estad Monterrey Stadium (Mexico)
Japon bay yon leson foutbòl kont Tinizi ak yon gwo koral (4-0) ki mete yo nan yon pozisyon konfòtab nan gwoup yo a.
Match la te jwe nan yon lespri espòtif, pa gen gwo sanksyon disiplinè ki te rapòte.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026/Jounen 17 Jwen: Yon jounen sipriz ak emosyon

Jounen 17 jwen 2026 la nan Koup dimond la te rich anpil an emosyon, ak …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager