AYITI/VIZIT: VIZIT YON PREZIDAN NAN PEYI DAYITI FÈMEN LEKÒL NAN JAKMÈL.

Prezidan peyi Kolonbi a, Gustavo Francisco Petro Urrego fè yon vizit ofisyèl nan lakou peyi Dayiti apre midi mèkredi 22 janvye 2025 la.

Yon vizit gouvènman defakto a pran a kè e bay anpil enpòtans kote yo rive debloke plis pase 500 milyon goud pou fè preparasyon, yo fèmen tout pòt lekòl nan vil Jakmèl pou 3 jou, yo mobilize tout fòs sekirite nan peyi a pou pwoteje prezidan kolonbyen an ak tèt yo, yon aksyon ki pouse anpil moun ap poze tèt yo kesyon sou ki sa ki dèyè rankont sila.

Lè anpil moun konstate pa gen mobilizasyon sa yo pou popilasyon an ki ap dòmi nan lari akoz bandi boule kay yo e pran yo, pa gen lopital, blakawout tout kote, fatra nan tout lari, lekòl pa ka ouvri nan Pòtoprens akoz ensekirite, bandi gen kontwòl tout wout nasyonal yo pou site sa yo depi plizyè ane poutan pou yon vizit gen tout mobilizasyon sa.

Selon enfo yo anpil vil nan Jakmèl pa te gen kouran depi plizyè lane, plizyè zòn te sal, plizyè wout te kraze, gras ak vizit sila plizyè zòn jwenn kouran, plizyè wout pyese, plizyè zòn netwaye sa ki pouse anpil moun ap tann vizit yon lòt prezidan men se nan kapital la, yo a mobilize menm jan pou bay kapital la yon lòt imaj.

Nou ap fè ou konnen prezidan kolonbyen an ki te gen pou rive nan vil Jakmèl selon enfo yo depi 10zè nan maten rive a 3h50 apre midi a, tout moun, jounalis, manm gouvènman defakto yo te oblije chita tann li tankou tè sèch ki ap tann lapli.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/POLITIK: YON NOUVO PREZIDAN NAN TÈT « KONSÈY PREZIDANSYÈL CHAK MOUN FÈ TI KOUT LA » POU BWÈ CHANPAY

Malgre moman difisil popilasyon an ap konnen nan dènye jou sa yo, ti nèg politisyen …