Pandan nwaj nwa depòtasyon an ap pete sou tèt konpatriyòt nou yo nan peyi Repiblik Dominiken, otorite nan Pòtoprens yo sanble gen lòt chat yo ap fouye. Jedi 19 fevriye 2026 la, Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) nan peyi vwazen an anonse yo arete 1 135 Ayisyen epi yo mete deyò 1 124 lòt nan yon sèl jou.
Pandan pèp la ap pran imilyasyon nan lari sen domeng, klas politik ayisyen an prefere kontinye nan « pouse m de bò » pou yon pouvwa ki pa menm ka pwoteje diyite sitwayen li yo.
Dapre chif ofisyèl DGM yo, operasyon sa yo fèt toupatou sou teritwa dominiken an. Nan pòs fwontyè Elías Piña sèlman, yo voye 591 moun jete bò isit nan kondisyon ki fè kè moun rache. Fanm, timoun, ak gason ap retounen nan yon peyi kote grangou ak ensekirite ap dechire trip yo, san okenn estrikti bò isit pou akeyi yo ak diyite.
Yon pouvwa ki soud, yon pèp ki ap pase mati
Sa ki pi blesan nan koze a, se pa sèlman jan dominiken yo ap maltrete frè ak sè nou yo, se silans ak manfouben dirijan ayisyen yo. Pandan Ayisyen ap pase mati nan fwontyè a, nan Pòtoprens, se kout lang, trayizon ak konplo ki ap fèt nan biwo Leta:
* Lachas pou pouvwa: Olye yo mete yon plan ijan pou diskite seryezman ak gouvènman vwazen an oswa akeyi moun k ap debake yo, lidè yo pito ap dechire po figi yo pou konnen kilès k ap rete nan palè oswa nan primati.
* Mank diyite nasyonal: Pèp la ap mande kote Leta ye, pandan pa gen menm yon tant ni yon vè dlo pou moun k ap debake bò fwontyè a san anyen nan men yo.
* Egozism politik: Pandan nasyon an ap nwaye nan kriz, chak ti gwoup politik ap rale dra a bò kote pa yo, bliye ke se san pèp la k ap koule anba kout bòt ak mepri.
Reyalite 19 fevriye a se yon prèv klè: Ayisyen pa gen defansè. Pandan DGM ap ranpli kamyon yo, lidè nou yo ap ranpli ajanda pèsonèl yo pou yo ka kenbe kontwòl yon peyi k ap deperi. Si anyen pa chanje nan fason lidè yo ap gade enterè nasyonal la, depòtasyon sa yo ap rete yon sikatris k ap kontinye senyen sou po do nasyon an.
Li lè pou moun ki ap kouri dèyè pouvwa yo konprann ke yon chèz san yon pèp ki an sekirite, se yon fotèy ki pa vo anyen.
Echojounal echojounal.net